Kiba anba anbago ameriken depi 7 fevriye1962 (gade gè frèt pou konnen plis), depi li te otorize Risi enstale fize pa li nan teritwa, dirije anlè Etazini.
Hatuey se te yon kasik Tayino (moun) ki te kite zile Ayiti pou avèti Tayino Kiba kont kolonPanyòl.
Pandan lagè Endepandans Ayiti anpil kolon franse te pati ak esklavajize yo al enstale nan pwovens Oriente, Santiago de Cuba. Gen anpil tradisyon kiltirèl distenk nan zòn sa a kou wè Tumba francesa. Pandan 19e syèk anpil peyizan ayisyen te fè travay sezonye nan sektè kann kiba. An 2004 popilasyon d orijin ayisyen Kiba te 300 000 moun. Kreyòl ayisyen se dezyèm lang ki pale Kiba, epi menm gen yon estasyon radyo an kreyòl ayisyèn.
Apre endepands Kiba li vin etabli etabli relasyon diplomatik ak Ayiti 3 fevriye 1904. Lyen sa a te vin kanpe an 1962 lè Kiba sòti nan òganizasyon OEA. Yo reprann nan dat 6 fevrye 1996 ak rakont 2 chanselye Ayisyen epi Kiben Emmanuel Fritz Longchamp epi Roberto Robaina.